01 mai 2023

Kwonik Dyesèl

Tranzit

Passeport haïtien


Li senkè nan maten, Janjan chita sou galri a. Li rale telefòn li nan pòch li epi li fè yon plan entènèt. Apèn mesaj la monte li kouri ale sou sit entènèt paryaj la. Nòmalman misye pa konn abitye leve bonè konsa. Sa ki pase, avan li dòmi yèreswa a, li te fè yon fich nan match baskèt yo. Maten an la a kè li cho, se rezon sa a ki fè li gentan leve pou li gade si kòb la fèt. Malerezman, gen plizyè ekip ki boule li. Misye depoze telefòn lan la avèk depi, kounya li ap pwomennen rega li sou alantou yo. Kwen an trankil, sanble tout moun ap dòmi toujou. Si se an pwovens li te ye, kòk yo t ap tèlman chante nan tèt moun yo, yo t ap gentan sou de pye yo lontan deja. Kote misye abite a, pa gen pyès pyebwa nan vwazinay la, se yon pakèt kay an beton ki aliyen arebò wout la. Jan zòn nan trase a lakoz kay yo kwense kwense, epi batiman yo pa parèt solid pase sa. Li posib pou okenn kretyen vivan pa chape si ta gen yon tranblemanntè. De tout fason, sa pa twò enpòtan pou ni pwopriyetè ni sila ki nan lweyay yo. Prevansyon pa yon mo nou bay valè epitou ta sanble tout moun di tèt yo sizoka ta gen yon katastwòf, yo p ap pami viktim yo. Èske se lafwa oubyen inyorans ?

Telefòn Janjan sonnen, asireman se yon mesaj Whatsapp. Misye pran li sou chèz la, li devewouye ekran an. Lè li rantre nan konvèsasyon an li wè se yon patnè li ki pataje yon lyen avèk li. Anba lyen an, tou gen yon mesaj vokal. Ladan li, zanmi an esplike misye ki fason ki pi efikas pou li ranpli yon fòmilè sou sit entènèt gouvènman Meksik la. Se sou sit sa a tou li ap ka mande yon randevou, konsa petèt li ap ka tanmen demach pou li jwenn yon viza. Mouche a pran tan li pou li byen tande esplikasyon yo, se kòmsi lavi li depann de sa li ap tande a. Apèn li fin koute mesaj vokal la, li voup li leve, li pran direksyon chanm li an.

Fason misye vòltije sot sou chèz la, ou pa ta di li gen dife nan dèyè li. Janjan annik franchi pòt chanm lan, li vare sou bifèt la. Janjan fouye men li nan kwen goch la epi li rale paspò a. Li ale dwat nan paj ki enterese li a, misye wè li manke twa jou pou dat ekspirasyon paspò a rive. Imedyatman, tanperati kò misye monte, tèt li vin tou cho kouwè moun ki gen lafyèv. Pito misye ret grangou, pito li fè yon mwa antye san yon goud nan pòch li, men koze paspò ekspire a se yon malè pandye. Ti bout livrè ble maren sa a, gen moun ki ap bliye atò non manman yo, men jamè bliye kote li sere nan kay la.

Sa pral fè Janjan sizyèm fwa li ap renouvle paspò a, poutan misye pako kite peyi a menm yon fwa. Antouka sa pa enpòtan, fòk li konnen tout afè li pare jou li ap resi jwenn chans kite tè glise sa a. San li, se kòmsi tout lespwa kaba, misye t ap tou gen lenpresyon lavi li fini. Pou jan bagay yo makawon la a, se sèl enbesil ki ap flannen nan peyi a san paspò. Endividi sila yo merite fwete pou sòt, paske se sèl egare ki ap aksepte pase tout egzitans yo nan lanfè sa a.

Avanyè laprès te anonse genyen kèk foutbolè ayisyen ki te al jwe nan peyi Meksik, pifò nan yo te tou pwofite sove pou yo pa tounen isit la. « Sove » se mo sa a tout medya yo te itilize a, nòmalman se pou vòlò yo konn anplwaye li. Poutan foutbolè yo pa te vòlè anyen. Antouka, jou sa a se pa ti kontan Janjan te kontan. Ti mesye yo entelijan anpil, yon opòtinite konsa li pa t ap kite li pase non plis. Misye pa janm konprann moun sila yo ki konn jwenn chans kite peyi a epi apre sa yo chwazi tounen. Jiskounye misye pa janm alèz ak yon kouzin li akoz koze sa a. Fi a te vwayaje ak koral legliz li, olye pou li tou chape, li tounen vin pase mizè. Janjan pa t ap bay piyay sa a, lagwa de Dye pa vo kokennchenn sakrifis sa a.

Nan fè tantativ pou li pati, misye gentan boule yon pakèt kòb. Gen moman se pou li legalize papye li yo, gen kèk fwa tou se pou raketè yo ede li jwenn viza pou Brezil oubyen Chili. Malgre echèk sa yo, Janjan tenas, fòk li kite peyi a kanmenm. Men kounya gen posibilite pou li lage kò li Meksik, se atò pral gen depans. Nan moman an, sèl grenn priyorite misye se renouvle paspò a. Li tounen sou galeri a pou li al rele kèk moun ki dwe li. Plizyè apèl fèt, men repons yo toujou negatif, moun yo razè nan moman an.

Boutofen, misye pa gen lòt solisyon pou li jwenn lajan an, se swa li met laptòp la lekòl, se swa li tounen fè yon lòt fich sou sit paryaj la. Desideman Janjan pa moun isit, se de pasaj li ye.

Herbert N.


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...