Djougan
![]() |
| Couilles et moustaches: symbole d'une prétendue virilité masculine |
Mwen ki te toujou ap fè pòz gason tòf mwen, mwen ki te toujou pi cho devan bann pou di anyen isit pa ka banm baboukèt, epa kounya reyalite a douche mwen kouwè dlo frèt yo vide sou pa pwòp ki pa renmen benyen. Mwen pa kache di nou, sansasyon an dezagreyab anpil. Met sou li, sikolojikman koze a peze mwen pi mal pase bannann nan bak fritay machann ki ap klèwonnen nan ti sourit.
Pou nou konprann istwa a pi byen, li nesesè pou mwen fè yon ti bak. Nan lakou kote mwen grandi a, chaje lòt jèn gason ki nan menm jenerasyon avèk mwen. Kidonk, mwen pa te janm gen okenn pwoblèm zanmitay ni tou mwen pa te janm izole. Sou katye a mwen ak ti mesye yo se te kòk chante. Nou te gen libète sote ponpe epi galope jan lide nou di nou. Mwen te twò fokis sou plezi vagabonday mwen pou mwen te rive konstate tretman an te diferan pou sè mwen an. Malgre li pi gran pase mwen, paran mwen pa te kite li sòti jan li vle menm jan sa te ye pou mwen an. Kote papa mwen p ap di anyen si youn nan nèg yo pase pran mwen pou nou al jwe foutbòl nan ravin nan, otamatikman se gran sè mwen an yon zanmi pase rele pou yo ale amize yo, misye tounen ajan polis nasyonal tèlman li poze kesyon.
Pi devan, depi gen gwo desizyon ki pou pran, menm si tout lafanmi okouran, li toujou pi fasil pou yo mande mwen avi pa mwen sou kesyon an pandansetan sè mwen an pa gen lavwa ochapit. Mwen pa te ase avize pou mwen konprann tank mwen ap jwi plis privilèj andedan kay la, se plis sè mwen an ap santi li diminye nan mounite li. Bon, gen yon moman paran yo te gen pou yo ale pase yon semèn an pwovens nan koze misyon legliz. Avan yo deplase se nan men m yo kite kle kay la ak monopòl tout desizyon. Avan sa mwen te prens, kounya yo kouwone mwen wa. Mwen se chèf, sè mwen an li menm, ak tout senk lane li gen anplis mwen yo, li se sijè mwen. Mete sou li, nan moman sa yo nou te gen ti kont nou, m tou pwofite vanje. Mwen fè li gwo menas, si li oze mete pwent pye li deyò lakou a mwen ap di granmoun yo sa pou yo ka toupizi li.
Podyab mwen, mwen pa te konnen ki kalte mal mwen te ap fè li. Lakay la, legliz la, tout moun konstwi yon diskou valorizan sou gason. Tout sa ki reprezante fòs fizik, fòs mantal ak kapasite pou dirije se ak nou yo asosye li. Poutan medam yo se sinonim feblès, kòmkidire yo pòtre biblo frajil ki merite pwoteksyon nou menm gason vanyan. Adje, se te tout fyète mwen sa a pou mwen akeyi tout bon tretman sa yo ak bra louvri. Poutan, meday la te gen revèl wi, fòk mwen te grandi pou mwen konprann.
Je mwen tanmen louvri sou dezyèm mennaj mwen. Yon jou pandan nou ap pale, mwen pran rakonte li ki mizè mwen pase pou mwen legalize yon dokiman. Lè mwen ap detaye tray moun yo fè mwen pase andedan ministè a, manmzèl gaye, li di mwen : “Mwen paka gason pou mwen ap plenyen konsa”. Sa te biza, men mwen pa t ret sou sa. Gen yon lòt jou, pandan nou ap gade yon seri sou Netflix, fen an tèlman emouvan, dlo kaye nan je mwen. Malgre manmzèl de ran dlo li menm, li oze di mwen se yon pen mouye, gason pa konn kriye devan seri. Atò mwen konprann sansibilite ak feblès se de aspè nan lavi mwen, mwen pa dwe pataje ak moun.
Nan moman moral mwen a zewo, nan peryòd depresyon mwen, mwen blije fèmen dyòl mwen pou mwen ka afiche yon konpòtman tòg. Kote pale sou sa te ka sèvi mwen terapi, mwen prefere fè silans paske etikèt gason djougan ki pa gen okenn pwen fèb sosyete a ban mwen an tache sou kò mwen kouwè tatou. Mwen vin konprann sa, menmsi se medam yo ki plis sibi inegalite lakay nou, sa pa vle di gason pa gen ti zanno pa yo ki ap dodomeya kay òfèv.
Sa gen plizyè semèn depi mwen pa sa remèt anyen sou kabann. Mwen konn rezon an: ensekirite, sousi ekonomik, estrès melanje ak yon pakèt lòt kalte pwoblèm lakoz mwen pa ka satisfè patnè aktyèl mwen an. Lè li pa di se malad mwen malad, li pito di se kèk lòt fanm ki giyonnen mwen. Chak mwen anvi tante esplike li rezondèt reyalite sa a, mwen ravize paske mwen sèten li pral panse se bobin mwen ap ba li. Kwayans popilè a se sa : gason pa dwe vilnerab, nou pa dwe fèb menm pou yon segonn, koze pran pàn nan wout la pa pou nou ; okontrè fòk nou enpekab toutan, tout kote, nan tout kondisyon paske nou enkane jant dominan an. Alon patriyaka sa a papa!
Herbert N.

😄 mwen suiv Dyesèl jous la mezanmi
RépondreSupprimerDyesèl mennen w jis la, bon Dyesèl gou
RépondreSupprimer