17 avril 2023

Kwonik Dyesèl

 

Humanitarian parole



Un formulaire de demande du programme Humanitarian Parole.

 Apèn Dyesèl fin vizite kay la, desizyon pou li pran an te parèt lojik devan je li. Apre misye fin fè plizyè jou ap kouri anba bal nan kapital la, ti kwen trankil sa a ap pèmèt li resouse li, avan estrès melanje ak angwas fin pete fyèl li nèt. Men malgre li te tou mache ak kòb pou li peye yon lane fèm, li mande pwopriyetè a rès jounen an pou li reflechi epi nan aswè li ap bay dam nan yon repons definitif.

Pandan ti tan ki rete avan solèy kouche a, misye vle fè yon ti vizit nan alantou yo, nan lide pou li ka kòmanse familyarize li ak bren an. Nan ti flannen an, Dyesèl tou pwofite fè sa li rele yon « cartographie des lieux sensibles ». Nan lòd enpòtans, sa konsène reperaj restoran, ba, klèb, otèl ak tout espas fanm ki abite zòn nan abitye reyini pou yo al pran plezi yo. Yon jèn gason ki pa gen yon konesans apwonfondi sou tip etablisman sa yo, li pòtre yon lyon ki pa gen ni grif ni dan. Kidonk, li ap enposib pou li trape jibye lè li deside ale lachas. Misye konn prensip sa yo li menm, gen erè ki pa dwe fèt.

Rive yon moman, Dyesèl konstate reperaj li sot fè a ase satisfezan pou li byen fonksyone lè li fin tabli kò li nan blòk la. Epi solèy la te cho, gòj misye ap reklame rafrechisman. Erezman pou li, youn nan ba li te repere yo toupre a. Misye fè de twa pa, li rive devan espas la epi li rantre. Anndan an gen yon dizèn tab ki ranje, de nan yo deja okipe. Misye chwazi youn ki vid pou li chita. Youn nan tab ki okipe yo, gen twa blodè ki chita ap diskite. Kòm pa gen mizik, Dyesèl tande byen tout sa nèg yo ap di, ta sanble yo ap pale de pwogram imanitè ki ap fè aktyalite nan moman an.

« Ti mesye mwen te di nou sa deja wi, se wont je ki fè Etazini fouye nou nan pwogram sa a. Paske yo santi yo fè peyi a twòp abi, yo deside pran kèk grenn Ayisyen. Nou pa wè lòt peyi tankou Kiba chaje moun ki gentan lase bòt yo, epi pou Ayiti se yon ti ponyen, se yon bagay ki te planifye wi nèg ». Se blòdè ki gen joni nan tout tèt li a ki di koze sa yo. Lòt ki gen babele nan bouch li a reponn konsa : «  Monchè, ou gen rezon wi, si se ti kras Ayisyen sa a yo vle pran, asireman gen yon mago lajan yo ap ba yo lè yo rive kay Biden. Ooo papa, ou menm ki konn fè mirak, fè mwen bon non. » Apenn li fin pale, li rale telefòn li pou li verifye imèl li. Nan fason depite li depoze telefòn entèlij an, li klè li pa jwenn mesaj li ap tann lan.

Lè lòt jenn bray ki pat ko di anyen an resi pran lapawòl, men sa ki sot nan bouch li : « Sa gen kèk jou mwen ap di nou sosyete kapitalis yo kòmanse pèdi pisans. Etazini vle rantre kò li nan kominis kounya, se pou sa se peyi sa yo menm li chwazi pou li ede. Ayiti se youn nan nasyon ki gen pi bèl istwa nan mond lan, se nòmal pou Biden vle nou kòm alye, konsa li ap pi fasil fè fas ak Larisi. Pa enkyete nou, ap gen plis Ayisyen ki benefisye pase tout zòt yo. Etazini se zanmi nou li ye, epa li ap pwouve l atò. »Lè li fin pale, li bese tèt li pou li ranmase mouchwa li a ki te tonbe, epi kokennchenn chòv ki nan mitan tèt li a louvri kò li kouwè marinad ki gen twòp bikabonat.

Antretan Dyesèl poze an silans, li ap koute. Pou li ka dijere sa li ap tande yo pi byen, misye kòmande yon Prestige. Ti mesye yo kontinye ap konvèse. Nonm ki gen braces la di konsa a : « Ou menm ou toujou nan yon zen kominis. Ou pa wè jan Ayisyen yo monte pri paspò a, se paske yo konnen moun ki rive ale yo ap jwenn yon pakèt lajan. Moun ki asksepte bay tout kòb sa a patap janm fè li si yo te konnen yo p ap jwenn anyen, pèp la pa egare monchè. »

Tèt joni a reponn : « Ou jwenn verite a baz. Mwen gen yon matant mwen ki prale la a, mwen pral jwenn ti transfè m lit lit. Pandan misye ap di sa a tout dan li deyò. Li kontinye pale pou l di : pwogram sa a pral mete peyi a sou ray devlopman, dyaspora yo pral milyonè byen rapid. Mirak nou te ap tann nan pa gen lòt non : Biden ». Tout pandan misye te ap pale a, li remake Dyesèl ki ap swiv ak atansyon, epi li mande misye : « E ou menm ti djwed, sa w panse ? »

Avan Dyesèl reponn, li mande nèg yo kote yo rete. Lè yo fin esplike li nan ki blòk yo abite a, misye souke tèt li, epi li di : « Depi lè nou fenk louvri bouch nou devan mwen an, premye bagay ki vin nan tèt mwen se kòman yon tè ki bay tout gwo moun sa yo fè kale kalite nèg sòt sa yo ? Nou tèlman di tenten, sanble si se pat byè a ki pwoteje mwen, viris ki lakoz nou enbesil konsa a te ka atake m tou. Finalman, mwen di byen petèt se efè joni an ki pouri sèvo ou, men lè mwen konstate nou de a gen talan nan di tenten tou, mwen vin konprann babele ki nan bouch misye a pwazonnen sèvo li epi solèy la pase a travè chòv la pou li kankannen tout selil griz lòt endividi sa a ».

Dyesèl pran yon ti poz pou li gad chak grenn nan yo dwat nan je avan li konkli : « Podyab joni, chòv ak babele. Sa yo pa sifi pou rann moun kreten konsa, se nan san nou sa ye ti mesye. Erezman mwen te mande nou kibò nou rete, kòm se toupre espas mwen te chwazi pou m vin abite a, mwen ap tou vag sa. Paske si m gen yon dal vwazen idyo konsa, sa pap pran twòp tan avan nou detenn sou mwen. Franchman mwen prefere tounen al tande bri katouch tan pou mwen ap tande radòt refleksyon nou ap ponn yo. Antouka, mwen swete se dènye fwa mwen ap kwaze nou nan vi mwen ti mesye. Sante mantal mwen p ap rive chape anba yon lòt chòk konsa ankò. »

Dyesèl peye Prestige la, apre sa l pran wout pòt pou li. Si li te gentan peye kay la li t ap regrèt.


Herbert N.

6 commentaires:

  1. Komsi la yo pa fè bwa pou Dyesèl??🤣🤣🤣

    RépondreSupprimer
  2. Yo do ap ht figi Dyesèl 😂

    RépondreSupprimer
  3. Yon kwonik ki dekri reyalite jenès la makonnen ak inyorans li. M ap tann lòt la ak enpasyans.

    RépondreSupprimer

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...