16 avril 2023

Kwonik Dyesèl

Panik


Vue partielle du boulevard Jean Jacques Dessalines (Port-au-Prince), après une forte pluie.



Lapli te tonbe yèreswa a, kidonk Dyesèl te gentan konnen ap gen blokis maten an. Jan moun yo abitye di l la, depi de sourit pipi isiba, delij pa lwen. Menmsi konstriksyon wout se youn nan zouti anpil peyi itilize pou devlopman vil yo, ta sanble politisyen pa nou yo pa panse ak koze konsa.

Lè misye soti nan lari a, efektivman sitiyasyon an grav, sikilasyon an paralize nèt. Moun yo se sou pwent pye yo franchi labou a pou yo pa badijonnen. Jan li abiye fre a la a, li oblije fè plis pridans pou li pa sal non plis. Nan ka sa pa gen de twa kalkil, solisyon an se pran moto. Dyesèl pwoche yon chofè epi li fè pri ak misye prese prese, sa li pral regle a pa ka tann. Men kanmenm, avan li deplase, chofè a fè ti trennen pou li jwenn yon lòt kliyan. De moun miyò youn, dayè se bwase li ap bwase. Dyesèl konprann sa, se sa ki fè li pa di anyen.

Nan menm moman an, gen yon lòt blòdè ki fè chofè a siy lòt bò lari a. Yo di misye vini pito, paske jan atè a glise a, kawotchou moto a ka patinen ladan li. Blòdè a aksepte epi li tanmen janbe pou li vin jwenn nèg yo. Fason misye ap defile pou li vini an entrige Dyesèl, nonm nan twò feminen. Bon kòm se yon labou li ap travèse, petèt se sa ki esplike li mache konsa. Men plis blòdè a ap pwoche, se plis misye remake nonm nan gen yon douko rèd rèd. Talè a, se te mache tankou fanm, kounya se bòbistò. Dyesèl gen yon entuisyon, sitou de reyalite sa yo pa janm fè bon melanj lakay yon gason. Men kòm se peryòd li fè frèt li te ye, byen petèt se toufe misye toufe kò li twòp nan fredi a ki lakòz figi li wòz konsa.

Gen yon lòt detay ki te dwe atire atansyon Dyesèl, men li tèlman prese pou moto a derape, li pa fokis. Detay la sèke blòdè a gen plizyè braslè woz nan ponyèt li. Agatha Christie te di nan youn nan liv selèb li yo, de siy ka yon koyensidans, men twa siy se yon evidans. Bon finalman, misye fin janbe labou a epi li menm ak chofè a antann yo sou yon pri. Dyesèl ap eseye desann pou li bay nonm nan monte nan do chofè a, men misye di non, li ap pi alèz dèyè nèt. Misye aksepte, li menm tou sa konn rive li pa renmen lè moun chita nan do li.

Chofè a derape atò. Li pran ti prekosyon tou piti lè li nan wout ki gen plis labou yo, epi lè li rive pi devan, kote ki miyò yo, li akselere. Malgre gen blokis, misye ap kouri ak bèl vitès. Tout sou moto a, Dyesèl li menm se ak sa ki te pase avanyè a li ap panse. Jou sa a kout zam te pete sou katye a. Sezisman an se endividi ki te enplike yo, moun ou pa ta panse. Se sa ki fè li toujou bon pou yon nèg pa janm gad moun sou aparans.

Epi pandan Dyesèl tou ap panse ak fiziyad la, li santi yon bagay ki byen di nan do li. Misye panike, pou di se pa yon zouti ki sou blòdè a dèyè li a? Wout pa menm bon, talè ou tande moto a monte sou yon wòch epi yon bal pati nan senti li. Nonm nan estrese, li paka vole kite moto a paske tout figi li ap kraze sou mòso asfal ki rete sou wout la toujou a. Menm jan an tou, si li fè chofè a kanpe pou li desann, li posib pou sa fini mal paske nonm nan ka sispèk yo gen kontwòl li. Bon, e si se lapolis ki ta vin kanpe yo menm… Talè w tande yo pran li, fè li pase nan televizyon kòmkwa li nan move zafè. Dyesèl ap panike.

Chofè a, li menm, li kontinye file. Men pi devan, malgre estrès la, Dyesèl eseye relativize, petèt se pa yon zam. Nan tèt li, Dyesèl di: «Ou gen pou w jwenn se yon lòt objè ki pa menm menasan» Nan relativize konsa, je Dyesèl tonbe sou braslè woz yo ki nan ponyèt goch blòdè a. Otomatikman sèvo li fè lyen an. Demach la, douko a anplis koulè braslè yo fè li wè a klè nan kisa li pran. Se atò misye konprann ki lòt kichòy ki byen rèd konsa nan do li a. Se kounya ki gen panik, se kounya misye estrese. Franchman, nan tèt Dyesèl, pito se te yon zam...

 

Herbert N.

  

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...