27 mai 2023

Kwonik Dyesèl

 Tèt kale

Misye parèt devan an san prese, li konsilte mont li avan l rantre.

- Hey! ou gen kenz minit reta wi ti nèg.

- Dezole m te pran nan blokis.

- Se pa grav cheri. Epi epa w pa bo m, kèk lòt fanm ou kwaze sou wout la wi ki fè w gentan pa ret sou mwen an.

- Ah… Ki bagay lòt fanm w ap pale la a? Apèn m ap parèt ou tou atrap mwen ak yon koze reta.

Yon bizou ki te dwe dire yon mòso segond, pran dis pito. Lè moun yo resi dekole bouch yo, Dyesèl enstale kò l anfas fi a.

- Bon, Melissa kote bo nou fè a pou w te gentan nan refade bouch ou a?

- Sa w pa konnen jeune homme, sèke fa sa a se youn nan zouti m te itilize pou m sedui w yo. Manmzèl di sa ak yon ti souri koken arebò machwè li.

Dyesèl fin louvri bouch li pou l reponn, men li bay vag. Di Melissa se tèt bouda l sèlman ki te atire atansyon l p ap yon bon lide.

- Epa se nan yon otèl ou te banm randevou a bb? Sa etone m wi. Jeneralman se gason ki pran mòd inisyativ sa yo.

- Se yon bèl ti espas. Epi m te vle fè lè pou ti sè m nan al nan kou, otèl la pa twò lwen lakay la.

Misye leve tèt li pou l gade, efektivman espas la elegan. Gen plizyè flè ki sòti nan rantre a jouk rive nan bar la. Pi devan gen yon gwo pisin ak de koup k ap benyen ladan l. A yon dizèn mèt distans, chanm yo tou aksesib, yon nonm te mèt gen yon kantite kleren egzajere nan tèt li, l ap jwenn yo san fòse. Dyèsel gentan konprann pouki chanm yo tou pre ak pisin nan konsa, se pou lè gen ijans. Detay sa a amize l.

- Ou pa bezwen ap souri non cheri, jodi a sa p ap fini sou kabann.

- E pa t menm sa ki te nan tèt mwen menm. Men si sa p ap fini sou kabann, pouki se nan yon otèl ou chwazi trennen m baby?

- Bon, nou gen plis pase de mwa depi nou renmen, mwen vle mennen w lakay mwen jodi a.

- Men bb ou te ka jis banm adrès kay la.

- Te kwè m di w sa deja, ti sè m nan pral nan kou talè. Mwen vle nou nan kay la poukont nou.

Li gade Dyesèl dwat nan je lè l ap di sa, yon fason pou misye byen konprann souzantandi a. Poutan li fenk sot di sa p ap fini sou kabann.

- E paran w, yo pa prezan ?

- Manmi m an pwovens depi yè. Papi m en voyage d'affaires.

- Ebyen kay pou nou wi la a.

Sèvè a pote de byè, li debouche yo apre sa li vire. Moun yo poko menm bwè demi nan boutèy la, yon mesaj monte sou telefòn Melissa a. Iphone nan fè bri, flach ki nan do l la bay yon ti kout limyè.

- Sa se mesaj mwen t ap tann lan. Ti sè m nan deplase, ann ale cheri.

Dyesèl derape pou li al peye byè yo.

- Attends bb, c'est moi qui paie. Dayè se mwen ki te envite w. Sere tout bonne volonté sa a pou lè nou rive.

Aprè yon ti tan...

- Kay la pa t lwen vre non, m pa menm kwè nou pran senk minit pou nou rive.

- Sa vle di w te met pawòl mwen andout ? Ton Melissa di sa a pa agreyab ditou.

- Non bb se pa sa mwen di, mwen te senpleman panse n ap pran plis tan nan wout. Dyèsel reponn dosilman, e pa lè li fin rive nan kay la pou sa vin gate.

- Ou gen chans. Rantre vit pou chen yo pa sòti.

Kè Dyesèl fè vap.

- Anh1 gen chen isi a epi w pa di m sa/

- Sanble w kapon bb ?

- E pa kapon non, mwen pridan.

- Fara te mare yo anvan l sòti, e pa yo nan kwen garaj la.

- Gad gwosè tèt yo, sa pa chen ayisyen non bb ?

- Pittbul yo ye bb.

 

Dyesèl fè yon ti delese chen yo pou l gade lakou a. Garaj la gen twa machin dènye modèl ladan l, sou bò dwat la gen yon jaden men lajè. Pi lwen, jouk nan ekstremite teren an, misye dekouvri chato a. Li etale sou twa etaj, tout estrikti a fèt ak fè, bwa epi vit.

- Sa w genyen w pèdi nan kay la konsa a ti nèg ? Ann rantre.

- À vos ordres madame.

- Depi kilè w te chevaleresque konsa a menm ?

- Depi lè m dekouvri ou se yon prensès la.

- Sa fè de ou Prince charmant mwen an ebyen ? Ou gad twòp fim wi bb.

 

San li pa bay misye tan pou l kontanple andedan an, Melissa trennen l nan chanm li an dwat.

- Ret tann mwen la, m pral rafrechi mwen. Epi l pouse misye sou kabann lan.

 

Dyesèl ki konn sa k ap tann li, kòmanse met tèt li alèz, talè pral gen aksyon. Tou rilaks, misye deboutonnen chemiz li. Apre sa li fè ti fokis sou chanm lan. Sou kwafez la, gen plizyè pafen diferan ki ranje anplis de tout yon asenal makiyaj. Gen de linèt fantezi mov ki tou kole ak miwa a epi gen yon demi boutèy hand sanitizer tou pre a. Nan kwen dwat la, gen twa anbalaj piwili plis yon po Pringles vid.

Misye kontinye ap gade. Gen yon gwo chèz ki sou bò dwat kabann nan ak tout yon parapli mov panche sou pye l. Tou kole ak chèz la, gen yon ti pànye ki gen kèk grenn mòso rad ladan l. Anlè chèz la, gen yon imaj ki afiche tout pozisyon Kamasûtra yo, misye fè ti souri. Epi nan vire tèt li konsa, Dyesèl al tonbe sou yon pòtrè Michel Martelly tou souriyan ak kravat wòz li nan kou l, egzakteman anfas kabann lan. Idemyatman san misye bouyi, ensten l di l li an danje, fòk li degèpi rapid. San fè bri, misye wete kò l nan chanm nan epi l pran direksyon deyò pou li.

- Pou tout fanm ki gen nan lari a, epi se sou yon fanatik nonm sa a m tonbe, vye moun nèt. Ala ti nèg pa gen chans papa.

 

Misye degrengole eskalye yo, li tou ap priye pou chen yo pa fè bri lè li rive bò garaj la. Chans pou li sa fèt, li kouri franchi baryè prensipal la.

- Chofè al lage m bò stad. M prese man.

- W ap peye bon ti bwas wi baz.

- Pa enkyete w pou sa, jis banm gaz zanmi, byennèt moral mwen menase.


Herbert N.

 

 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...