14 mai 2023

Kwonik Dyesèl

 

Sa ki pa bon an bon

Yin ak Yang. Senbòl byen ak mal. Kredi: Foto Google


Sou wout la chaje pousyè. E van sa a k ap soufle ak yon vyolans tèt chaje a transfòme katye a an dezè Sahara. Mas tè a ap vòltije anlè a kouwè fèy bwa lè lotòn pwente. Erezman Katyana te mache ak yon foula, li kouri vlope tèt li pou pousyè a pa fin sal cheve l nèt. Men malerezman pou li, manmzèl pa t pote kachnen nan valiz la, apre de twa rafal, van an fann lèv li. Kòm operasyon li pral mennen an mande fòk bouch li byen klere, li pat bliye trenbale yon ti bwat pomad Vazlin. Konsa tanzantan, li pase dwèt li arebò bwat la epi l aplike pomad la sou tout sifas lèv pilpez li yo. Fòs van an anvi dekouraje l, men Katyana konnen misyon sa a gen yon enpòtans kapital pou suit lavi l. Li oblije pran kouraj li ak de men pou li regle sa kòmsadwa.

Manmzèl konnen Dyesèl p ap yon kliyan ki fasil, men li detèmine pou li itilize tout atou l gen nan manch li pou l konvenk misye. Fòk mouche a rive aksepte pitit ki gen twa mwa ap grandi nan vant li an se pou li, sinon kaka ap voye. Se pou sa li mete ti wòb kole sa a sou li epi san soutyen ni kilòt. Malgre sou tout wout la entimite l ekspoze ak enfeksyon pousyè a ka koze, manmzèl te oblije pran lari a konsa, paske fòm kò l se yon zam ki ka ede l amadoure ti nonm lan pi rapid.

Ofon, Katyana rekonèt li te manke pasyans. Se sa ki lakoz li nan sa li ye a. Yon semèn apre l fin kraze relasyon li te genyen ak Dyesèl la, misye vin jwenn yon bèl djòb nan yon òganizasyon entènasyonal. Epi selon sa manmzèl tande, se pa yon pòs raz misye okipe, sa vle di salè mansyèl li ap konfòtab anpil. Menmsi lanmou patap mo ideyal pou li esplike sa l santi pou Dyesèl, men kanmenm nan fason li apresye misye a yo t ap ka antann yo pou yo konstwi yon kichòy, sitou misye pa t konn ezite mete mwayen nan men l lè sa bon. Ak nouvo travay sa a, se an gran lam de limena li ta pral poste sou katye a. Nan twa mwa ki sot pase yo, erè sa a twomatize l nan yon pwen, menm somèy li te pèdi.

Sa ki pase, tout pandan li te renmen ak Dyesèl la, Katyana pa t janm sispann fè ti tchèk sou kote, konsa li toujou gen ti bwas nan men l paske li pa konn fonksyone san biyè vèt yo pa kwoke nan tèt kilòt li. Men gen youn nan nèg yo ki vire lòlòj li. Konsa de jou aprè li fin fè bagay ak menaj li, li al fonksyone ak ti mouche a san li pa takse l epi san yo pa itilize kapòt nonplis. Se pil pwomès menm ti nonm sa a te konn ap fè l yo ki motive manmzèl kite Dyesèl. Lè règ pa vini, an bon dayiva ki metrize koze l, li gentan gen sètitid se semans ti nonm nan k ap jèmen nan vant li. Manmzèl annik aprann misye li ansent pou li, nonm nan disparèt ak yon vitès, menm politisyen isit yo pa gen ase konpetans pou yo disparèt lajan ti pèp la rapid konsa. Li oblije pran sa an men. Malgre plizyè tantantiv pou li avòte, anyen pa t mache. Li bwè plizyè melanj natirèl, li vale plizyè konprime diferan, tout se tan pèdi. Kounya li sou twa mwa gwòs, si li eseye yon metòd ki pi radikal, asireman l ap tou rejwenn peyi san chapo menm jan ak bebe a.

Se tout evenman sa yo ki kondui Katyana dwat sou wout chaje pousyè li ye a. Jodi a se samdi, Dyesèl pa travay nan wikenn, asireman l ap jwenn misye lakay li. Entansite van k ap soufle a pa janm bese, men manmzèl p ap pran dis minit pou l rive. Motivasyon l double, li kontinye mache.

Nan menm moman an, Dyesèl resevwa yon mesaj sou imèl li, se òganizasyon an ki voye l. Pou misye rive jwi tout avantaj fonksyonè entènasyonal yo abitye benefisye nan mond lan, yo te soumèt li ak yon pakèt tès medikal ki dwe bay nan ki eta sante l ye, konsa responsab yo ap konnen sou konbyen lane misye ap kapab founi bon pèfòmans. Tout rezilta yo te satisfezan, se ka ki fè Dyesèl te rive siyen kontra a. Men pami tout tès yo te gen yon espèmogram, rezilta a pa t ko rive jwenn misye. Mesaj ki monte sou telefòn li an se sijè sa a li abòde. Lè nonm nan louvri imèl la, twa fraz li li yo manke rete kè l : misye esteril.

Dyesèl pa t ko janm reflechi a fonde yon fwaye, men depi lè li jwenn travay sa a, koze fè pitit la travèse lespri l a plizyè repriz. Non sèlman li t ap jwenn ase mwayen pou li byen asire levasyon tchovi a, mete sou sa, posibilite òganizayon an ba li pou l konstwi yon bèl karyè t ap pèmèt li bay pitit la tout atansyon li merite. Grenn imèl sa a baleye tout rèv entim sa yo misye t ap nouri a. Pandan l ap eseye dijere nouvo reyalite sa a, pòt la frape. Dyesèl ranmase kouray li epi li ale louvri.

Je misye tonbe dwat nan je Katyana. Nan tan nòmal li t ap fèmen pòt la nan figi manmzèl ak vyolans, men fason imèl la sekwe zantray li yo anpeche l aji konsa. Misye jis fè yon ti ekate epi li bay fi a rantre. Pandan manmzèl ap chita a, li bouje kò l yon jan pou nonm lan remake li pa pote souvètman, domaj efè li te atann lan pa fèt, ta sanble gen yon lòt bagay ki akapare lespri Dyesèl. Kounya Katyana vin pa gen lòt chwa, se ak mo k ap sòti nan bouch li pou li konvenk misye.

Manmzèl tanmen rakonte istwa a san l pa bliye presize jan absans Dyesèl nan lavi l lakoz li pa ka ni manje byen ni dòmi byen. Li pousuiv pou li esplike jan li renmen l epi nan ki nivo li regrèt separasyon an. Nan fen istwa a li di misye se ak kè kontan li te aprann Dyesèl te kite yon pitit ap grandi nan vant li, petèt sa ka pèmèt yo rekole mòso yo yon fason pou yo ka fonde yon fwaye. Nonm lan t ap tande tout sa Katyana ap di yo ak atansyon, kòm li te toujou renmen manmzèl li patap gen pyès pwoblèm pou l tounen avè l. Men lè mo ansent lan pwononse, Dyesèl tonbe ri.

Lè misye remake vizaj Katyana make sipriz, li louvri bouch li pou l esplike manmzè l rezon ki fè l ap rikane konsa a. Apèn Dyesèl fin di l li esteril la, li pete yon ri ankò epi l di byen fò : « Gad jan mwen chape anba grif yon lougawou! Sa k pa bon an bon vre tande. Lavi pap di w ! » Apre sa misye retwouve san fwa l pou li di manmzèl fout li deyò la a avan l pa trennen l jete nan lari a li menm. Katyana ki santi l blese nan ògèy li paske kou a pa mache, tonbe fè eskandal anndan an. Li di misye : « Kote m t ap kite vye egare tankou w vin gwòs mwen ? Mwen te vin la a pou m ba w pot chay la paske m tande w gen ti mwayen nan men w kounya, men bèl fanm ou wè devan w lan patap janm ka manman pitit ou tande ti enpav ! » Epi tou an kòlè manmzèl sòti, li kite misye ak tout sezisman anndan an.

Pandan Dyesèl ap reflechi ak sa Katyana sot revele a, misye di tèt li gade jan manmzèl gen fyèl, melanj rizèz ak mechanste sa a pa ka karakteristik bon moun. Poutan si se pa t bagay ansent sa a li t ap tounen ak fi a wi. Epi pandan misye ap sekwe tèt li konsa, yon lòt imèl monte sou telefòn nan. Anfèt rezilta ki rive jwenn li an se pat pa li a. Boutofen Dyesèl pa esteril vre, semans misye tèlman rich, yon sèl kout gouday sifi pou l ponn plizyè pitit. Ala nouvèl rejwisan sa, se atò Dyesèl pete ri anndan an. Lè gòj li fè l mal atò, li kouri al achte yon boutèy wonm a pou li selebre pakèt bon nouvèl sa yo.


Herbert N.

 

 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...