13 mai 2023

Kwonik Dyesèl

 
Verite sou tanbou
Tanbou tradisyonèl Ayisyen. Kredi : Imaj Facebook

 
Dyesèl depoze pye l sou sòl Gonayiv la pou premye fwa nan lavi l. Site endepandans, yon vil ki make listwa nou kòm pèp nèg ak nègès. Malgre misye vin Latibonit deja, li pa t janm vin nan komin sa a. Tout sou wout la, misye te pèdi nan rizyè yo. Kounya bis la rive nan estasyon an, li ranmase valiz li mete atè, epi l tanmen detire, paske chòk li pran sou wout la sifi pou bay nenpòt gason vanyan malkadi.
    Misye gentan planifye plizyè espas istorik li pral vizite, men avan tout bagay, fòk li rantre kay granma. Apre kèk minit dèyè yon moto, Dyesèl rive nan lakou a. Yon ti kouzin vin akeyi li, pran valiz la nan men li epi fè l rantre chita. Sou tab la, gen yon kafe byen pwès ki te deja ap tann li ak kèk bisuit plis yon bokal manba. Apre li fin degiste lamanjay la kòmsadwa, li pase pa dèyè lakou a pou li ale salye granmoun yo. Gen tonton Jan ak madanm li, matant Founa, Jozye ki se yon pwòch fanmi an, epi granma Nana ki chita sou yon chèz pay ak pip li nan bouch li. Nan kwen adwat lakou a, gen twa timoun k ap jwe marèl anba yon gwo pye mango. Premye a se Lilin, pitit tonton Jan, se li ki te vin louvri pou Dyesèl. Lòt yo se de ti gason, youn gen dis lane, pi piti a gen sèt. Yo abite sou katye a, men se kay granma Nana yo pase jounen yo nan moman vakans.
    Apre salitasyon, Dyesèl chita pou l reponn kesyon sou fanmi ki Pòtoprens yo : kòman yo ye ? Èske yo manje ? Kòman yo jere koze banditis la ? Elatriye... Granmoun yo tou pwofite okazyon an pou yo rale zòrèy li, paske se pa nòmal pou tout rasin fanmi an makonnen Gonayiv epi pou se premye fwa misye vini nan vil la. Se te moman tou pou granma fè edikasyon jenonm lan sou relasyon moun ki nan lakou a tise ak lespri mistik yo. Sòti nan wayòm Dahomey pou rive Ayiti, lwa yo pa t janm abandone pitit yo. Kidonk chak grenn moun ki antre isit la dwe yo respè. Dyesèl ki te toujou aksepte kilti peyi li nan tout divèsite l akeyi pawòl sa yo ak souri bò kwen bouch.
    Lè a pase vit, dezè nan aprèmidi gentan pral pwente. Dyesèl fè yon pase nan kizin lan, vant li kòmanse mande l règleman. Misye wè lalo a epi sòs pwa a gentan pare. Se sèl diri a ki poko fin kuit, men li gentan ap toufe. Nan menm moman an gen yon moun ki franchi pòtay la. Se Franklen, yon kouzen ki pa abite lwen, sa konn rive li dòmi nan kay la tou. Misye se mòd moun yo di ki gen yon sizyèm sans yo, paske depi manje pral separe, li parèt. Sa grann Nana te bliye di Dyesèl, sèke: Franklen gen yon mwa depi l ap li kèk liv filozofi, li gen yon diskou materyalis l ap devlope, kòmkwa se matyè sèlman ki konstitiye tout sa ki antoure nou. Selon misye, tout ideyalis se moun fou, menm jan ak sila yo ki kwè nan yon lespri siperyè yo pa janm wè menm yon fwa nan vi yo.
    Apre tout moun fin manje lalo a, matant Founa deplase pou li al achte kèk rejim bannann nan sant vil la. Aswè a se griyo k ap genyen. Franklen tande sa, byen vit li di granma l ap dòmi avèk yo aswè a. Festen sa a li paka rate l. Konsa konsa, nan netwaye vyann, fè pwòpte nan kay, chita bay blag ak kèk lòt aktivite, li vin fè labrenn sou moun yo. Se moman lodyans. Pandan matant Founa ap sipèvizè preparasyon fritay la, Granma chita ak Dyesèl epi Franklen, l ap rakonte yo kèk istwa.
    Granma esplike ti mesye yo gen yon epòk, kay la te gen yon tanbou k ap siveye l sòti dizè nan lannuit pou rive katrè nan maten. Tanbou sa a te mistik, li pa janm ret anplas, tanzantan li chanje pozisyon nan kay la. Dyesèl fasine, li t ap renmen viv yon bagay konsa, men domaj gen kèk lane tanbou a sispann manifeste. Malgre sa granma di ti mesye yo tanbou a toujou ap voye je sou kay la ak sila k ap dòmi ladan yo. Nan kè li, Franklen di tout sa yo se pawòl tafya.
    Sòti nan yon lodyans pou tonbe nan yon lòt, fritay la separe, tout moun manje. Te gen te melis ki fèt tou, tout moun bwè. Kounya se lè pou tout moun ale dòmi.
    Epi blòk onzè nan aswè yo konsa, Franklen gen yon pipi cho ki kenbe l. Li leve pou li al jere sa deyò a paske pa gen bokit pou sa nan chanm li an. Pandan misye pral rive sou galeri a, li voye je l bò doum dlo a, li wè yon ti tanbou. Rapid, misye panse ak istwa granma a. Kanmenm sa pa twò ebranle l, kichòy sa yo pa egziste vre. Li fin pipi epi li vire pou l rantre, li gade bò doum nan ankò pou l verifye, li pa wè tanbou a. La a, Franklen frikat. Je l pa gen okenn pwoblèm, sa l te wè a se sa. Misye mache pi vit kounya nan direksyon chanm li an. Epi pandan l ap travèse salon an, li wè tanbou a sou tèt televizyon an. Franklen afole atò, sa k ap pase a pa senp ditou. Misye derape ak yon vitès, li kouri rantre nan chanm li an, epi li take pòt la. Apèn li vire pou li rekouche, li tonbe sou tanbou a ankò, fwa sa a li bò pye kabann lan.
    Dyesèl pantan nan dòmi, li tande de gwo rèl. Li kouri sòti pou li al founi je, li tonbe sou granma ak matant Founa k ap pran direksyon chanm Franklen an. Misye suiv yo. Lè yo pete pòt chanm lan pou yo rantre, yo jwenn Franklen etale atè a. Granma pwoche l, li pa mouri, souf li toujou la. Twòp emosyon wi ki endispoze materyalis la.


Herbert N.

8 commentaires:

  1. Good Job Herbert. Map tann suit istwa a poum konn sak t pase ansuit ak Franklen🤣

    RépondreSupprimer
  2. Ce commentaire a été supprimé par l'auteur.

    RépondreSupprimer
  3. Si m ta jwenn Dyesèl m t ap dil, anpil nan nou gen yon istwa konsa, ata moun li pata panse!

    RépondreSupprimer
  4. Léley le réaliste14 mai 2023 à 15:33

    Bon bagay frè. N ap tann swit la.

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Menm mwen m anvi konnen paske m konn ap pran pòz materyalis mwen

      Supprimer
  5. Franklen resi kwè atò.😂😂😂😂

    RépondreSupprimer

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...