07 mai 2023

Kwonik Dyesèl

 

Tout ti vis

Machann pèpè ann Ayiti.


Kòm dabitid, mache Kwadèboukè a chaje moun epi anplis se yon vandredi, gen plis mouvman toujou. Machann yo enstale, yo ap veye kliyan ki enterese. Yo gen yon fason atistik yo mete machandiz yo an valè, se plezi nèt ale. Ak eksperyans yo genyen tou, yon senp kout je pèmèt yo konnen si moun ki ap pase yo gen gwo sòm kòb sou yo oubyen yon ti pay monnen. Lè se premye ka a ki prezante, machann yo deplwaye tout cham ak tout ladrès yo gen nan djakout yo nan lide pou yo atire kliyan an vin depanse nan bak pa yo a pito. Men lè se dezyèm ka a, yo pa pèdi tan yo nan gaspiye enèji pou granmesi.

Lòt bagay ki enpòtan sèke machann yo konn pwodui yo ap vann yo sou bout dwèt yo. Nenpòt moun ki ta eseye vin blofe yo, li ap peye sa chè paske yo metrize tout detay ki konsène pri, kote li soti ak kalite pwodui yo, sòti nan A jouk rive nan Z. Epitou, yo konn tout wout pou yo fè pou yo jwenn machandiz yo a pi bon mache, konsa yo ap kapab fè plis benefis san yo pa pete fyèl kliyan yo. Anplis, yo gen yon jagon espesyal yo itilize pou yo kominike, sitou nan moman yo pa vle lòt moun konprann de kisa yo ap pale.

Gen konkirans nan mitan yo vre, paske genyen ki konn chita nan menm espas alòske yo ap vann menm pwodui. Men sa pa anpeche yo solidè youn ak lòt, nan bon kou nan move moman. Lè gen lavant tout moun pwofite fè chay yo, lè gen kalmi youn bay lòt bourad. Se solidarite sa a ki pèmèt yo fè rezistans ak vye reyalite yo twouve yo a. Malgre solèy la cho, malgre pil fatra ap pouse move lodè anba nen yo, malgre bandi ap fè yo monte maswife chak jou ki jou, yo la, ak lespwa yo ap vann kichòy avan yo rantre lakay.

Gen anpil rimè ki ap sikile pou fè kwè machann yo fò anpil nan di betiz. Byenke se pa tout yo di ki konsa, men daprè temwayaj, si ou tonbe sou youn lè li nan move jou li, pawòl li ap di ou yo ap tèlman brile ou, menm mak yo ka kite sou po ou. Mwen prefere di rimè paske mwen pa konnen kòman sa ye an reyalite, men Dyesèl te fè eksperyans lan li menm.

Yon bon jou konsa, misye parèt nan mache a, li poulòp dwat kote pèpè yo ye a. Misye vin achte frèch pou yon aktivite pisin ki ap fèt nan demen maten. Nan founi je gade konsa, li remake yon bèl mayo blan. Misye pwoche, li gade pwodui a epi li mande pri. Machann nan ki te deja ap suiv misye de lwen, gentan konnen misye gen bon ti kou bwas nan pòch li, si li pran byen ak mouche a petèt li ka fè yon bèl afè, sitou depi maten li pako vann anyen.

Finalman li mande mil goud pou mayo a, Dyesèl pwopoze li senkant li menm. Kòmè a rape mayo a nan men misye, li wete chapo ki te nan tèt li a, li mete de men li sou kote li epi li di : « Gade kakòn figi ti nèg la. Ak baton kou ou tankou banbou nan forè Brezil la, ou dwe panse isit la se gran ri. Kounya manman ou dwe panse se yon  pitit ki ap itil li wi li redi pouse a, poutan se yon amonsèlman fatra dèyè kay peyizan li mete sou tè a. Mouche a tou long kouwè poto elektrik nan kafou kat epi li panse se ti tèt pèpè mwen an li ka vin bay madichon. Alewè ou pote malchans wi, ak fòm machwè sa ou genyen an ou pa fouti sot nan bon ras ! Evre wi ti nèg la nève mwen, li dwe panse se ak ti petas sou katye li yo, li konn ofri degouden ann echanj bòbòt yo li annafè la a! Mwen ta di w plis wi. Gade demaske ou devan mwen an avan lwa monte nan tèt mwen tande ti nèg. « 

Frap yo tèlman vyolan, Dyesèl pran kèk segonn avan sèvo li rekòmanse fonksyone nòmalman. Lè misye resi louvri bouch li pou li reponn, li di machann lan : « Bon bèl ti manmi, fòk mwen machande avan m achte wi ». Imedyatman dam nan rebalanse pou misye ankò.

- Pa fout rele m manmi ! Mwen pa rekonèt ou ! Moun tankou mwen pa konn anfante.  zenglendo nan tranp ou yo. Ou tou abiye tankou majòrèt ki pral defile nan madi gra deja, pou ou jwenn yo ap ofri ou bèl pèpè sa a ou deside fè makak.

Fwa sa a Dyesèl pa di anyen, li sispèk si li oze reponn machann lan ankò bagay la ka vin pi grav pou li. An menm tan, misye paka deplase san li pa achte mayo a, sa t ap pi katastwofik toujou. Finalman, misye rale mil goud nan pòch li, li lonje li bay machann lan. Apre li fin pran mayo a mete nan valiz li, misye deplase. Jan sa mal kòmanse la a, misye vin konprann si li pa pridan ak machann yo li posib pou yo fè kale li nan mache a. 

Apre mayo a, li gen lòt kichòy pou li achte. Men devan chak machann li kanpe, se kòmsi se vizaj dam ki te kase met nan bòl li a li wè. Pou menm bagay la pa repete, misye oblije pa ale fò nan pri li ap bay yo. Konsa konsa, tout kòb ki te nan pòch li a pase nèt, menm machin li p ap ka peye pou li rantre lakay li. Sèl ti satifaksyon li : sèke sa li achte yo bèl, malgre li peye yo plis pase sa yo vo. Dyesèl onèt ak tèt li, li pa t ap ka sipòte yon lòt seyans jouman ankò. Li ap pran wout la a pye, pa gen lòt chwa. Misye vise valiz la nan do li pi di, epi li tanmen mache nan direksyon sòti a.

Herbert N.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Page retrouvée

Le tombeau de Jésus placé sous haute surveillance à la demande des autorités religieuses Le tombeau de Jésus a été placé sous haute survei...