La chronique de J-One
Mamoun ak Jeff te renmen sa gen
bon tan, dayè se pa t bagay ankachèt, menm paran te konn sa. Men tou, tout moun te
konn Jeff se yon nèg ki anfe, menm si w wè vizaj li parèt inosan, li ka kraze yon
bò peyi a sou ou. Poutan, malgre repitasyon atakan patante Jeff te genyen, li pa t
janm al nan anyen ak Mamoun, paske li te di li p ap presipite ak fanm sa, li te
vle sa rete dirab ant yo. Yo te konn bo, fè ti karese men Jeff pa t janm al pi lwen,
sitou Mamoun te toujou di Jeff li pa t nan lavi gason anvan li. Bon pou koze sa, Jeff
pa t janm kwè. Li pa t janm oze ale pou rezon pa l, men pa pou sa Mamoun di l la.
Finalman, apre kèk ane ansanm Jeff deside al fè seksyèl ak Mamoun.
Bo, karese, anbyans lan te vrèman enteresan, sof sa Jeff pa t atann li: lè li ale
pou li woule kr*k Mamoun, manmzèl gen yon reyaksyon biza. Li fè yon gwo rèl, bagay si te
gen lòt moun nan espas la yo te ka panse se men misye ap met sou ti dam lan osnon
se kou li ba li. Met sou sa Mamoun kòmanse tranble, lap kriye, li pouse jennonm
lan epi li kouri abiye l, li met kò l nan lari, san li pa bay Jeff okenn esplikasyon.
Jeff tou pa chache konprann, penso li nan men l, li bay koulè li vle. Li mache di moun Mamoun se yon rizyèz, lè li pral wè manzè pa vyèj vre, manzè fè yon jan li chape anba men l. Epoutan, sa Jeff pa t janm konnen: lè Mamoun te piti, manman l te konn kite yon mesye ki te abite nan menm lakou ak yo voye je sou Mamoun chak tan l ap soti. E chak tan sa yo, mesye a te konn pran plezi jwe nan kr*k li. Menmsi Mamoun pa t gen lespri, li pa t konprann jès la, li te toujou twouve sa biza men li pa t janm di manman l sa. Se lè Mamoun vin ap grandi li resi konprann sa mesye a te konn ap fè l la. Men li te deja twò ta...
PS: Istwa sa fiktif menmsi mwen rekonèt
gen dwa gen moun ki gen yon istwa reyèl ki sanble ak li. Se pa istwa pèsòn mwen
konnen osnon istwa yo ta rakonte m mwen prezante. PA FÈ PÈSÒN MOUN KONFYANS AK PITIT
NOU!
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire